Isaiah 42:16
M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 3:4Se konsa n'a konnen ki wout pou nou pran, paske nou poko janm pase bò isit la. Men, piga nou pwoche twò pre Bwat Kontra a. N'a kite yon distans senksan (0500) mèt konsa ant li ak nou.
Ecclesiastes 1:15Ou pa ka drese sa ki fin kwochi. Ou pa ka konte sa ou pa genyen.
Isaiah 29:18Jou sa a, moun soudè yo va tande pawòl y'ap li nan liv. Avèg yo ki t'ap viv nan fènwa va louvri je yo, y'a wè.
Isaiah 30:21Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!
Isaiah 35:5Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.
Isaiah 40:4Se pou yo konble tout fon yo! Se pou yo kase tèt mòn yo ak tèt bit yo! Se pou ti mòn yo tounen platon, se pou tout mòn yo vin tè pla!