Isaiah 36:18
Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou. Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 19:12Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezèf ak dènye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo?
2 Chronicles 32:13Se konnen nou pa konnen sa zansèt mwen yo ansanm avè m' nou te fè pèp lòt nasyon yo? Eske bondye nasyon sa yo te rive delivre yo anba men mwen?
Psalms 92:5(092:6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
Psalms 135:5Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.
Isaiah 10:7Men, wa peyi Lasiri a pa t' wè bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tèt li se kraze brize, se disparèt anpil anpil nasyon.
Isaiah 36:7Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini li mande pou tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm vin adore devan yon sèl lotèl la?