Isaiah 37:31
Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye ankò. Y'a kanpe ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 19:30Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye. Y'a kanpe ankò.
Isaiah 1:9Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.
Isaiah 10:20Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Isaiah 10:22Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite.
Isaiah 65:9Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete.
Jeremiah 44:28Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm.