The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 65 › Isaiah 65:9

Isaiah 65:9

Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete.

Bib La

In The King James Version

And I will bring forth a seed out of Jacob, and out of Judah an inheritor of my mountains: and mine elect shall inherit it, and my servants shall dwell there.

In Context

8Men sa Seyè a te di ankò: -Pesonn pa janm voye yon bon grap rezen jete. Okontrè, li sere l' pou fè diven ak li. Konsa tou, mwen p'ap detwi tout pèp la, m'ap sove moun k'ap sèvi m' yo.

10Plenn Sawon an pral tounen yon jaden zèb pou mouton m' yo, pou moun k'ap sèvi m' yo. Mwen pral lonje bèf mwen yo, moun ki toujou ap chache fè volonte m' yo, nan fon Akò pou yo ka manje.

Read all of Isaiah 65

Cross References

Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.

Isaiah 32:18Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm.

Isaiah 60:21Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.

Isaiah 65:22Yo p'ap bati kay ankò pou se lòt moun ki pou rete ladan yo. Yo p'ap plante jaden ankò pou se lòt moun ki pou manje l'. Pèp mwen an ap viv rive gen menm laj ak pyebwa. Pèp mwen chwazi a va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo.

Jeremiah 33:17Seyè a di ankò: Va toujou gen yon wa ki soti nan fanmi David la pou gouvènen peyi Izrayèl la.

Ezekiel 36:12M'ap mennen nou tounen, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou nou ka viv nan peyi nou an. Nou pral pran peyi a pou nou. Peyi a pral rele nou pa nou. Li p'ap janm kite pitit li yo mouri ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 65:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 65:8Isaiah 65Isaiah 65:10 →