Isaiah 39:2
Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 10:10Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a.
1 Kings 10:25Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.
2 Kings 20:13Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.
2 Chronicles 9:9Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a.
2 Chronicles 32:27Ezekyas te gen anpil richès, tout moun te respekte l'. Li fè bati depo pou mete tout bagay an ajan, an lò li te genyen, bèl pyè koute chè, epis santi bon, plak pwotèj ak tout lòt bagay koute chè l' yo.
Job 31:25Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.