Isaiah 39:3
Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': -Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: -Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 9:6Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: -Nou soti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lòt non!
2 Samuel 12:1Seyè a voye pwofèt Natan kot David. Natan rive kote l', li di l' konsa: -Vwala te gen de nonm ki t'ap viv nan yon lavil. Yonn te rich, lòt la te pòv.
2 Chronicles 16:7Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou.
2 Chronicles 25:15Seyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l' konsa: -Poukisa koulye a ou pran sèvi bondye yon pèp ki pa t' ka sove pèp sa a anba men ou?
Isaiah 38:5-Tounen al jwenn Ezekyas. W'a di l' pou mwen, men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou: Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal. M'ap kite ou viv kenzan ankò.
Jeremiah 5:15Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm, pèp Izrayèl, Seyè a pral fè yon nasyon soti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di.