Isaiah 40:3
Tande vwa yon moun k'ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann lan pou Bondye nou an!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 68:4(068:5) Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.
Isaiah 35:8Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.
Isaiah 49:11M'a louvri yon bèl chemen nan mòn yo. M'a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.
Isaiah 62:10Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, soti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon!
Malachi 4:5Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli.
Mark 1:2Nan liv pwofèt Ezayi a, men sa ki te ekri: Bondye di: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. La louvri chemen an pou ou.