Isaiah 40:2
Souke kouraj moun lavil Jerizalèm yo! Fè yo konnen yo soufri kont yo atò. Yo fin peye pou sa yo te fè. Seyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa!
Cross References
Exodus 22:3Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki touye l' la koupab. Li gen pou l' peye pou li, wè pa wè. Si li pa gen anyen, y'a vann li pou yo ka peye pou sa l' te vòlò a.
Job 42:10Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.
Psalms 85:3(085:4) Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!
Psalms 102:14(0102:15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.
Song of Solomon 2:11Gade! Sezon fredi pase, lapli sispann tonbe.
Isaiah 14:3Seyè a va fè nou jwenn repo apre tout tray, tout tribilasyon ak tout mizè yo te fè nou pase.