Isaiah 62:10
Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, soti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 17:15Moyiz bati yon lòtèl, li rele l': Seyè a se drapo m'.
Isaiah 11:10Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.
Isaiah 11:16L'ap louvri yon gran chemen soti peyi Lasiri pou rès pèp li a k'ap viv laba a, menm jan li te fè l' pou pèp Izrayèl la jou yo t'ap soti kite Lejip la.
Isaiah 35:8Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.
Isaiah 40:3Tande vwa yon moun k'ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann lan pou Bondye nou an!
Isaiah 48:20Soti kite lavil Babilòn! Sove kò nou lakay moun Kalde yo! Gaye nouvèl la ak kè kontan. Mache fè konnen l' toupatou. Seyè a delivre Izrayèl, sèvitè li a.