Isaiah 25:9
Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Seyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 9:14(09:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.
Psalms 21:1(021:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (021:2) Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la.
Psalms 33:20Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou.
Psalms 37:5Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
Psalms 62:1(062:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (062:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
Psalms 95:1Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!