Isaiah 42:25
Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:15Si nou meprize lòd mwen yo, si nou voye kòmandman mwen yo jete, si nou pa fè tou sa mwen mande nou fè, si nou pa kenbe kontra m' pase ak nou an,
2 Kings 25:9Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.
Isaiah 9:13Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Seyè ki gen tout pouvwa a.
Isaiah 47:7Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn. Ou pa t' rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou. Ou pa t' kalkile ki jan sa tapral fini.
Isaiah 57:11Seyè a di: Kilès bondye sa yo ki t'ap ban nou kè sote, ki t'ap fè nou pè konsa, kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m' konsa? Nou pa chonje reve m'. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen?
Jeremiah 12:11Yo fè l' tounen yon savann. Men, li la devan je m'. Li fini, san anyen ladan l'. Tout peyi a tounen yon dezè, san pesonn pa di anyen.