Isaiah 43:28
Se poutèt sa mwen avili moun ki reskonsab kay yo mete apa pou mwen an. Se poutèt sa mwen lage fanmi Jakòb la pou yo detwi yo nèt. Mwen kite yo pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Premye zansèt nou an te fè sa li pa t' dwe fè. Mesaje nou yo te vire do ban mwen.
Cross References
Deuteronomy 29:21Seyè a va wete l' nan mitan rès moun pèp Izrayèl yo, l'a pini l' dapre madichon n'a jwenn nan kontra ki ekri nan liv lalwa Seyè a.
1 Chronicles 24:5Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun.
Psalms 79:4Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Psalms 89:39(089:40) Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou.
Isaiah 47:6Wi, mwen te move sou pèp mwen an. Mwen pa t' aji ak yo tankou moun pa m'. Mwen te lage yo nan men ou. Men, ou te san pitye pou yo. Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo.
Jeremiah 24:9Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.