Isaiah 47:6
Wi, mwen te move sou pèp mwen an. Mwen pa t' aji ak yo tankou moun pa m'. Mwen te lage yo nan men ou. Men, ou te san pitye pou yo. Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:50Se moun ki gen kè di. Yo p'ap respekte vye granmoun, ni yo p'ap gen pitye pou timoun.
2 Chronicles 10:11Wi, w'a di yo: Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm se mete m'ap mete sou chay la anko. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou.
2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Ezra 5:12Men, zansèt yo te fè Bondye nan syèl la fache ak yo, kifè Bondye lage yo nan men Nèbikadneza, moun peyi Kalde, ki te wa peyi Babilòn. Wa sa a te fè detwi tanp lan, epi li fè depòte tout pèp la lavil Babilòn.
Isaiah 10:6Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.
Isaiah 14:17Se pa li ki te kraze tout lavil yo, ki te fè latè tounen yon dezè a sa? Se pa li ki pa t' janm kite moun li fè prizonye tounen lakay yo a sa?