Isaiah 44:21
Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:9Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
Deuteronomy 31:19Koulye a, ekri chante sa a. W'a moutre tout moun pèp Izrayèl yo li, pou l' ka nan bouch yo tout, epi pou l' sa sèvi m' temwen kont yo.
Isaiah 40:27Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, poukisa n'ap plenyen konsa? Nou menm, pèp Izrayèl la, poukisa n'ap plede di: Seyè a pa konn sa n'ap pase! Bondye nou an p'ap fè anyen pou defann kòz nou!
Isaiah 42:23Ki moun nan nou k'ap pare zòrèy li pou l' tande sa m'ap di la a? Ki moun nan nou k'ap fè atansyon pou l' toujou koute depi koulye a?
Isaiah 43:7Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo soti.
Isaiah 44:1Seyè a di ankò: -Koute m' byen koulye a, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an.