Isaiah 44:26
Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo.
Cross References
Exodus 12:29Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.
1 Kings 18:36Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.
2 Kings 7:18Lè sa a, Elize t'ap pale ak wa a li te di l' konsa: Denmen lè konsa, nan pòtay lavil Samari y'ap vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan ak ven liv lòj pou menm pri a.
Ezra 2:70Prèt yo, moun Levi yo ak kèk moun nan pèp la al rete lavil Jerizalèm ak nan vwazinaj lavil la. Mizisyen yo, gad yo ak travayè tanp yo al rete nan lavil ki pa twò lwen kapital la. Tout rès pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.
Nehemiah 2:3Mwen reponn li: -Mwen swete pou monwa viv lontan! Men, ki jan pou m' fè pa kagou lè lavil kote zansèt mwen yo antere a ap fin kraze, lè dife fin boule tout pòtay li yo?
Psalms 69:36(069:37) Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.