Isaiah 45:1
Seyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l' pou l' wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Seyè a di wa Siris:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 19:15Seyè a di li: -Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezè a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayèl, w'a mete l' wa peyi Siri nan non mwen.
Ezra 1:2-Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida.
Psalms 73:23Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe.
Isaiah 13:3Se mwen menm, Seyè a, k'ap bay sèvitè m' yo lòd! M'ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m' yo ki gen kè kontan, k'ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k'ap fè m' fè kòlè yo.
Isaiah 41:13Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!
Isaiah 42:6Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.