Isaiah 45:14
Men sa Seyè a di ankò: -Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwofi kòmès moun Letiopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a lapriyè nan pye nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Nanpwen lòt bondye tankou li. Nanpwen lòt bondye pase l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Tansèlman se yon Bondye moun pa ka wè. Bondye pèp Izrayèl la, se li ki konn delivre moun!
Cross References
Numbers 13:32Se konsa yo pran pale mal sou peyi yo te al vizite a devan pèp Izrayèl la. Yo t'ap di: -Peyi nou ta l' vizite a, peyi nou ta l' chache konnen an, se yon peyi ki pa menm bay kont manje pou moun k'ap viv sou li yo. Epi, tout moun nou wè la se moun ki wo anpil.
Esther 8:17Nan tout pwovens yo, nan chak lavil yo, toupatou kote yo te li lèt wa a te voye a, jwif yo pase jou a ap fè fèt, yo te kontan, yo fè resepsyon, yo bay manje. Anpil moun lòt nasyon fè yo jwif lè sa a, paske yo te pè jwif yo anpil.
Psalms 68:30(068:31) Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!
Psalms 149:6Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,
Isaiah 10:33Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
Isaiah 18:7Lè sa a, bann moun bèl wotè ki gen po yo boule nan solèy, pèp tout moun pè a, moun ki rete nan gwo peyi ki gen fò anpil la, yo menm ki rete nan peyi ki nan tèt dlo larivyè Nil lan, y'a pote kado bay Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'a vin jouk sou mòn Siyon an kote moun fè sèvis pou Seyè ki gen tout pouvwa a.