Isaiah 45:13
Se mwen menm ki fè wa Siris kanpe pou li mete jistis sou latè. M'ap louvri tout wout devan li. Se li menm ki pral rebati lavil mwen an. L'ap fè moun pa m' yo te depòte yo tounen lakay yo san yo pa bezwen peye anyen, ni yo p'ap bezwen fè kado anyen pou sa. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 36:23-Mwen menm Siris, wa peyi Pès la, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.
Psalms 65:5(065:6) Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.
Isaiah 41:2Kilès ki te fè chèf la soti bò solèy leve, ki te fè l' genyen nan tout batay kote l' pase? Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l', ki soumèt tout wa yo devan l'? Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè. Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye.
Isaiah 42:6Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.
Isaiah 46:11Mwen rele yon nonm mwen te chwazi soti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve. Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l' fè a. Depi mwen di yon bagay, se pou l' fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt.
Isaiah 48:15Se mwen menm ki te pale, se mwen menm ki te rele l'. Se mwen menm ki fè l' vini. M'ap fè l' reyisi nan travay l'ap fè a.