Isaiah 45:17
Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Moun k'ap fè estati yo pral wont, yo tout pral tèt bese. Moun pral pase yo nan betiz.
Cross References
Psalms 25:3Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.
Isaiah 26:4Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
Isaiah 45:25Men, gremesi Seyè a, moun ras Izrayèl yo pral kanpe ankò. Yo pral fè lwanj mwen.
Isaiah 51:6Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.
Isaiah 54:4Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l'.
Isaiah 60:19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.