Isaiah 45:25
Men, gremesi Seyè a, moun ras Izrayèl yo pral kanpe ankò. Yo pral fè lwanj mwen.
Bib La
In The King James Version
In the LORD shall all the seed of Israel be justified, and shall glory.
In Context
Cross References
Psalms 22:23(022:24) Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li.
Isaiah 41:16Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Isaiah 45:19Se pa an kachèt mwen te pale, ni nan yon kote ki fè nwa. Mwen pa t' di moun ras Jakòb yo pou yo chache m' kote ki pa gen anyen. Mwen menm, se Seyè a mwen ye. Mwen pale laverite, mwen fè konnen sa ki dwe fèt.
Isaiah 61:9Nan tout peyi, y'a nonmen non yo. Pitit pitit yo va gen bon non nan mitan lòt pèp yo. Tout moun ki va wè yo va konnen se yon ras moun mwenmenm menm, Seyè a, mwen beni.
Isaiah 65:23Yo p'ap kraze kò yo travay pou bontan ankò! Travay yo va rapòte yo! Pitit yo p'ap konn sa ki rele malè ankò! M'ap beni yo ansanm ak pitit yo jouk sa kaba.
Acts 13:39Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo.