Isaiah 46:3
Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 1:31ak nan dezè a. Nou wè ki jan sou tout wout la li pa janm lage nou, tankou yon papa ki pa janm lage pitit li, jouk nou rive bò isit la.
Psalms 22:9(022:10) Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.
Psalms 81:8(081:9) Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'!
Isaiah 10:20Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.
Isaiah 44:1Seyè a di ankò: -Koute m' byen koulye a, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an.