Isaiah 46:4
M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m' jan m' te toujou fè l' la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 48:14(048:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
Psalms 71:18Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,
Psalms 102:26(0102:27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.
Isaiah 43:13M' pa janm chanje. Pesonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè?
Malachi 2:16Mwen rayi wè lè mouche separe ak madanm. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa. Mwen rayi wè moun k'ap aji mal konsa ak madanm yo. Se poutèt sa, fè respè tèt nou! Kenbe pwomès nou te fè madanm nou.
Romans 11:29Sa Bondye fè kado, li bay li nèt; li p'ap chanje lide lè l' fin rele yon moun.