The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 46 › Isaiah 46:2

Isaiah 46:2

Ni bèt yo, ni zidòl yo tonbe ansanm atè a. Zidòl yo pa ka delivre ata bèt k'ap pote yo a. Lènmi ap depòte yo tankou moun yo fè prizonye.

Bib La

In The King James Version

They stoop, they bow down together; they could not deliver the burden, but themselves are gone into captivity.

In Context

1Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.

3Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen:

Read all of Isaiah 46

Cross References

Judges 18:17Senk mesye yo te voye al vizite peyi a antre nan kay la, yo pran estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa ki kouvri ak ajan an. Prèt la menm te rete bò pòt devan an ak sisan sòlda ame yo.

2 Samuel 5:21Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l' yo pran yo pote ale.

Isaiah 37:12Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, lavil Aran, lavil Rezèf ak moun Betedenn yo ki rete lavil Tèlasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo?

Isaiah 44:17Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l', yo lapriyè devan l', y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m' non!

Jeremiah 43:12L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l'. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l' blanch. Lèfini, l'ap vire do l' san pesonn pa di l' anyen.

Hosea 10:5Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l'. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l' nan mitan yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 46:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 46:1Isaiah 46Isaiah 46:3 →