Isaiah 47:10
Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pesonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 22:13Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè?
Psalms 52:7(052:9-)Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
Psalms 64:5(064:6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?
Ecclesiastes 8:8Pesonn pa mèt lavi l'. Lè jou a rive pou l' mouri, fòk li mouri. Pesonn pa ka ranvwaye jou lanmò li. Nou pa ka kouri pou batay sa a. Ata mechanste mechan yo pa ka sove yo.
Isaiah 28:15-N'ap fè grandizè deske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n' kache, avèk fòs plan nou maske kò nou.
Isaiah 44:20Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.