Isaiah 47:14
Yo tankou ti moso pay. Yon sèl dife pral boule yo. Yo p'ap menm ka sove pwòp tèt pa yo. Se p'ap yon ti dife tankou dife yo fè pou kwit manje ni tankou boukan yo limen pou moun chofe dife.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 5:12Se konsa, pèp la gaye toupatou nan peyi Lejip ap chache zèb pou fè pay.
Isaiah 5:24Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.
Isaiah 30:14N'ap tonbe an miyèt moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.
Isaiah 41:2Kilès ki te fè chèf la soti bò solèy leve, ki te fè l' genyen nan tout batay kote l' pase? Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l', ki soumèt tout wa yo devan l'? Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè. Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye.
Jeremiah 51:30Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.
Jeremiah 51:58Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.