Isaiah 41:2
Kilès ki te fè chèf la soti bò solèy leve, ki te fè l' genyen nan tout batay kote l' pase? Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l', ki soumèt tout wa yo devan l'? Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè. Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye.
Bib La
In The King James Version
In Context
3L'ap fann nan siyay yo, l'ap kouri san li pa pè anyen. Pye l' pa menm touche tè.
Cross References
Genesis 11:31Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.
Genesis 14:14Lè Abram vin konnen yo te fè neve l' la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit (0318) antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann.
2 Samuel 22:43Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari.
2 Chronicles 36:23-Mwen menm Siris, wa peyi Pès la, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.
Isaiah 40:24Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Seyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay.
Isaiah 41:25Se mwen menm ki chwazi yon nonm soti bò solèy leve. Se mwen menm ki fè l' desann soti nan nò vin atake. Li kraze tout chèf yo tankou labou anba pye l', menm jan moun k'ap fè krich kraze tè pou l' travay.