Isaiah 48:21
Lè li t'ap mennen yo nan dezè a, yo pa t' swaf dlo. Li fè sous dlo pete nan wòch pou yo. Li fann wòch la, dlo koule soti.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Men Seyè a di: Pa gen kè poze pou mechan yo!
Cross References
Numbers 20:11Moyiz leve men l', li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou.
Nehemiah 9:20Ou pran ti gout nan lespri ou, ou ba yo pou yo ka gen konprann. Ou toujou ba yo laman pou yo manje, ou toujou ba yo dlo lè yo te swaf dlo.
Psalms 78:20Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann?
Isaiah 30:25Jou y'a kraze fò lènmi nou yo, jou y'a masakre tout lènmi nou yo, sous dlo pral pete nan tout gwo mòn, nan tout ti mòn koule desann.
Isaiah 41:17Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.
Isaiah 43:20Bèt nan bwa pral fè lwanj mwen. Chen mawon ak otrich pral fè fèt pou mwen. Paske m'ap mete dlo nan dezè a. M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan pou pèp mwen chwazi pou rele m' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè.