The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 43 › Isaiah 43:20

Isaiah 43:20

Bèt nan bwa pral fè lwanj mwen. Chen mawon ak otrich pral fè fèt pou mwen. Paske m'ap mete dlo nan dezè a. M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan pou pèp mwen chwazi pou rele m' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè.

Bib La

In The King James Version

The beast of the field shall honour me, the dragons and the owls: because I give waters in the wilderness, and rivers in the desert, to give drink to my people, my chosen.

In Context

19Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.

21Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.

Read all of Isaiah 43

Cross References

1 Chronicles 16:13Nou menm, pitit pitit Izrayèl, sèvitè Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bèl bagay li te fè yo. Chonje jijman ki te soti nan bouch li.

Psalms 104:21Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje.

Isaiah 11:6Bèt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini, se yon timoun ki pral okipe yo.

Isaiah 41:17Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.

Isaiah 48:21Lè li t'ap mennen yo nan dezè a, yo pa t' swaf dlo. Li fè sous dlo pete nan wòch pou yo. Li fann wòch la, dlo koule soti.

Isaiah 55:1Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 43:20

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 43:19Isaiah 43Isaiah 43:21 →