Numbers 20:11
Moyiz leve men l', li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 17:6Mwen menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tèt gwo ròch Orèb la. W'a frape ròch la, dlo va soti ladan l'. Pèp la va bwè. Se sa menm Moyiz te fè devan chèf fanmi pèp Izrayèl la.
Numbers 20:8-Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo soti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo.
Judges 15:19Lè sa a, Bondye louvri yon twou nan tè a bò lavil Leki a, epi dlo pete soti ladan l'. Samson bwè dlo, li santi l' refè. Se poutèt sa yo rele sous sa a Sous Akore. Sous sa a la bò lavil Leki jouk jòdi a.
1 Samuel 15:19Poukisa ou pa koute sa Seyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Seyè a plezi.
1 Kings 13:21ki pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l' byen fò: -Seyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a.
1 Chronicles 15:2Epi li di: -Se moun Levi yo ase ki pou pote Bwat Kontra Bondye a, paske se yo menm Seyè a te chwazi pou pote Bwat la, se yo li te chwazi pou sèvi l' pou tout tan.