Isaiah 48:6
Se pou nou rekonèt tou sa mwen te di nou yo rive vre. Enben, mwen pral fè ou konnen lòt bagay ankò ki gen pou rive, bagay mwen te kenbe pou mwen, bagay ou pa ka konnen menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 40:9(040:10) Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen.
Psalms 78:3bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou.
Psalms 119:13M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.
Isaiah 21:10Nou menm, pèp mwen an, mwen te fwote nou anba pye m' tankou moun fwote diri sou glasi. Men, koulye a m'ap fè nou konnen bon nouvèl mwen te tande a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te fè m' konn sa.
Isaiah 42:9Gade! Tou sa mwen te di k'ap rive rive vre. Mwen pral di nou lòt bagay ki gen pou rive. Mwen pral fè nou konnen sa anvan menm sa rive.
Isaiah 43:8Seyè a di ankò: -Fè pèp la konparèt devan m'. Se yon bann moun ki gen je men ki pa wè. Yo gen zòrèy men yo pa tande.