Isaiah 5:14
Peyi kote mò yo ye a ap tann yo konsa. L'ap louvri pòtay li yo byen gran pou l' resevwa yo. Se la tout grannèg yo pral desann ansanm ak pèp la k'ap fè bri ak kè kontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 25:36Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten.
Psalms 49:14(049:15) Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete.
Proverbs 1:12Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere.
Proverbs 30:16Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase.
Isaiah 21:4Tèt mwen ap vire. M'ap tranble tèlman mwen pè. Mwen t'ap tann solèy la kouche. Men, lè aswè rive, se te pi mal.
Ezekiel 32:18-Nonm o! Plenn sò tout moun peyi Lejip yo. Voye yo desann ansanm ak tout lòt moun gwo nasyon yo nan peyi kote mò yo ye a, anba tè kote moun ki deja mouri yo ye.