Isaiah 5:18
Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n'ap fè a, n'ap trennen l' dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt gwo, n'ap rale yo dèyè nou tankou bèt k'ap rale kabwèt!
Bib La
In The King James Version
Woe unto them that draw iniquity with cords of vanity, and sin as it were with a cart rope:
In Context
Cross References
Judges 17:5Nonm Mika a te mete yon kote apa pou li menm l' al fè sèvis pou Seyè a. Li fè yon estati ansanm ak lòt ti zidòl wogatwa epi li chwazi yonn nan pitit gason li yo, li ba l' pouvwa pou l' sèvi l' prèt.
2 Samuel 16:20Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l' konsa: -Ann antann nou sou sa nou pral fè koulye a.
Psalms 14:1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
Psalms 94:5Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo.
Isaiah 28:15-N'ap fè grandizè deske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n' kache, avèk fòs plan nou maske kò nou.
Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?