The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 5 › Isaiah 5:25

Isaiah 5:25

Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.

Bib La

In The King James Version

Therefore is the anger of the LORD kindled against his people, and he hath stretched forth his hand against them, and hath smitten them: and the hills did tremble, and their carcases were torn in the midst of the streets. For all this his anger is not turned away, but his hand is stretched out still.

In Context

24Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.

26Seyè a leve drapo l' pou l' bay siyal la. L'ap rele yon pèp ki byen lwen. L'ap soufle byen fò, l'ap rele moun soti jouk lòt bò nèt, nan dènye bout latè. Gade! Y'ap vole konsa, y'ap kouri vini!

Read all of Isaiah 5

Cross References

Leviticus 26:14Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fè tou sa m' mande nou fè la a, m'ap peni nou.

Leviticus 26:21Si, apre sa, nou vle kenbe tèt ak mwen toujou, si nou derefize koute m', mwen menm tou m'ap peni nou sèt fwa pi rèd toujou pase anvan poutèt peche nou yo.

Deuteronomy 31:18Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fè twòp bagay mal lè yo te al kouri dèyè lòt bondye.

1 Kings 14:11Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Seyè a menm ki di sa.

1 Kings 21:24Chen pral manje kadav tout moun nan fanmi Akab ki va mouri anndan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav tout moun nan fanmi an ki va mouri andeyò limit lavil la.

2 Kings 13:3Se konsa li fè Seyè a fache sou moun peyi Izrayèl yo. Se sa ki fè Seyè a te lage yo nan men Azayèl, wa peyi Siri a, ak nan men Bennadad, pitit li, anpil fwa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 5:25

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 5:24Isaiah 5Isaiah 5:26 →