Isaiah 5:27
Pa gen yonn ladan yo ki bouke! Pa gen yonn ladan yo ki fè bitay! Yo pa konn sa ki rele kabicha, ale wè dòmi! Ren yo toujou mare. Sapat yo toujou mare byen sere nan pye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 2:5Koulye a, ou konnen sa Joab, pitit gason Sewouya a, te fè m' lè li te touye de jeneral lame pèp Izrayèl la: Abnè, pitit gason Nè a, ak Amasa, pitit gason Jetè a. Ou chonje jan lè sa a pa t' gen lagè. Li touye yo pou l' te ka tire revanj pou moun mesye sa yo te touye pandan lagè. Li touye de inonsan, kifè jouk jounen jòdi a m'ap pote chaj la pou li, m'ap peye konsekans sa li te fè a.
Job 12:21Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.
Psalms 93:1Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.
Isaiah 45:1Seyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l' pou l' wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Seyè a di wa Siris:
Daniel 5:6Li chanje koulè, li vin pè. Li santi tout kò l' aprale, jenou l' yo pran tranble.
Ephesians 6:13Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.