Jeremiah 4:7
Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:31M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.
2 Kings 24:1Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.
Isaiah 1:7Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.
Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.
Jeremiah 5:6Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatcha li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye!
Jeremiah 9:11M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pesonn ladan yo.