Isaiah 5:4
Kisa pou m' te fè pou jaden rezen an mwen pa t' fè? Mwen t'ap tann li ban m' bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 37:22Boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ak pye lanp sèt branch lan. Se yon sèl moso lò yo bat pou fè tout.
Isaiah 1:5Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.
Jeremiah 2:30Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.
Ezekiel 24:13Jerizalèm, lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinaj ou yo. Mwen te soti pou m' te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen.
Micah 6:3Seyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m' konsa? Reponn mwen non!
Acts 7:51Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.