Isaiah 51:14
Talè konsa, yo pral lage moun ki nan prizon yo. Yo p'ap mouri nan kacho. Y'a jwenn kont manje pou yo manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 30:20Bondye va fè nou manje kont mizè nou, l'a fè nou pase kont tray nou, men l'ap la pou l' moutre nou sa pou l' moutre nou an. N'ap wè l' ak de grenn je nou, nou p'ap bezwen al chache l' ankò.
Isaiah 49:10Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Chalè solèy ak van dezè p'ap fè yo anyen. Paske se moun ki renmen yo a k'ap kondi yo. L'a mennen yo kote ki gen sous dlo.
Isaiah 52:2Ou menm lavil Jerizalèm ki nan prizon, souke pousyè ki sou ou, leve atè a, chita sou fòtèy ou! Wete chenn yo te pase nan kou ou yo, ou menm mòn Siyon ki te nan prizon!
Jeremiah 38:6Se konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pa t' gen dlo ladan l', men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a.
Zechariah 9:11Seyè a di: -Akòz kontra mwen pase avè nou an, kontra ki siyen ak san bèt yo ofri yo, m'ap fè lage moun ou yo ki te nan prizon, m'ap wete yo nan fon sitèn san dlo a.