Isaiah 51:3
Mwen menm Seyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze l' yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen bèl jaden, tout savann li yo tounen tankou premye jaden mwen te plante Edenn lan. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m' mèsi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:10Lòt voye je l' toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Seyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Seyè a pa t' ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.)
Psalms 102:13(0102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
Isaiah 12:1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.
Isaiah 35:1Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.
Isaiah 40:1Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa!
Isaiah 41:19M'ap fè pye zakasya ak pye sèd pouse nan tout dezè a, ansanm ak pye jasmen ak pye oliv mawon. Nan tè savann lan, m'ap mete pye pichpen, pye bwadòm ak pye sèd.