Isaiah 54:16
Se mwen menm ki kreye bòs fòjon k'ap chofe dife chabon pou fè tout kalite zam. Se mwen menm tou ki fè lwijanboje yo pou kraze brize.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Si yo atake ou, sa p'ap soti nan mwen. Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou.
Cross References
Proverbs 16:4Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'.
Isaiah 10:15Men sa Seyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l'? Se pa moun k'ap sèvi avè l' la ki fè l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fè a se li ki fè l'? Moun k'ap sèvi avè l' la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.
Isaiah 46:11Mwen rele yon nonm mwen te chwazi soti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve. Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l' fè a. Depi mwen di yon bagay, se pou l' fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt.
Zechariah 2:1Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon nonm avèk yon chenn pou mezire nan men l'.
John 19:11Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou.