Isaiah 57:16
Mwen pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouraj.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 16:22Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
Job 12:10Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
Psalms 78:38Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo.
Psalms 103:9Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.
Isaiah 27:8Pou l' te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van soti nan lès pote yo ale.
Isaiah 42:5Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa: