The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 57 › Isaiah 57:15

Isaiah 57:15

Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.

Bib La

In The King James Version

For thus saith the high and lofty One that inhabiteth eternity, whose name is Holy; I dwell in the high and holy place, with him also that is of a contrite and humble spirit, to revive the spirit of the humble, and to revive the heart of the contrite ones.

In Context

14Lè sa a, Seyè a di: -Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranblè. Wete tout bagay k'ap bare wout la devan pèp mwen an.

16Mwen pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouraj.

Read all of Isaiah 57

Cross References

Exodus 15:11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?

Exodus 40:34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.

Deuteronomy 33:27Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.

1 Kings 8:27Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!

2 Chronicles 34:27Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.

Job 22:29Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 57:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 57:14Isaiah 57Isaiah 57:16 →