Isaiah 57:17
Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ecclesiastes 6:9Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.
Isaiah 5:8Madichon pou moun k'ap bati kay sou kay, pou moun k'ap achte tè pou mete sou sa yo genyen deja! Talè konsa, p'ap gen plas pou lòt moun nan peyi a. Yo vle se yo menm ase ki pou rete nan peyi a.
Isaiah 9:13Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Seyè ki gen tout pouvwa a.
Isaiah 56:11Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.
Jeremiah 5:3Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!
Jeremiah 8:6M' pare zòrèy mwen pou m' tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.