Isaiah 57:18
Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m' mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouraj sa ki nan lapenn yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 23:2Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.
Ecclesiastes 9:4Men, toutotan yon moun vivan toujou gen espwa pou li. Yon chen vivan miyò pase yon lyon mouri.
Isaiah 12:1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.
Isaiah 30:26Jou Seyè a pral mete renmèd sou kote ki te blese nan pèp la, jou l'ap geri tout kote pèp la te blese a, lalin pral klere tankou solèy, limyè solèy la menm pral sèt fwa pi klere, ou ta di limyè sèt jou mete ansanm. Wi, tou sa pral rive jou Seyè a.
Isaiah 48:8Nou pa t' janm konn bagay konsa, nou pa t' janm tande sa. Mwen pa t' kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.
Isaiah 51:12Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?