Isaiah 57:2
Moun ki t'ap mache dwat yo ale kote yo jwenn kè poze, yo kouche nan tonm yo.
Bib La
In The King James Version
He shall enter into peace: they shall rest in their beds, each one walking in his uprightness.
In Context
Cross References
2 Chronicles 16:14Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.
Ecclesiastes 12:7Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.
Isaiah 26:7Seyè, ou fè chemen an dous pou moun k'ap mache dwat, ou louvri yon bèl chemen plat pou yo.
Ezekiel 32:25Wa peyi Elam lan kouche nan mitan moun pa l' yo ki mouri nan lagè. Tonm sòlda li yo bò kote l'. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Sou latè, yo te mache fè tout moun pè yo. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo. Yo desann nan twou san fon an ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo.
Luke 1:6Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch.
Luke 7:50Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.