Isaiah 58:10
si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 15:4Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an.
Job 11:17Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.
Psalms 37:6L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
Psalms 112:4Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
Proverbs 11:24Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.
Proverbs 14:31Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.