Isaiah 59:14
Se poutèt sa, nou pa t' bay chans pou yo defann nou. Pesonn pa ka pwoche vin delivre nou. Nan tout lavil la ou pa konn kote ou gad ak pesonn. Pesonn pa mache dwat.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 21:11Chèf fanmi yo ak otorite lavil Jizreyèl yo fè tou sa Jezabèl ba yo lòd fè nan lèt yo.
Psalms 119:150Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.
Isaiah 1:21Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m' ak tout kè li. Koulye a, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l', yo pa t' fè lenjistis. Koulye a se renk ansasen!
Isaiah 10:1Madichon pou chèf k'ap bay move lòd pou kache lenjistis y'ap fè, k'ap ekri move lwa pou peze pèp la!
Jeremiah 5:27Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa.
Hosea 7:1Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun.