Isaiah 59:15
Pa gen moun serye ankò! Si ou pa fè tankou tout moun, se ou k'ap anba. Seyè a wè sa. Sa te fè l' mal paske pa t' gen jistis nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 11:27Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l', li pran l' lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t' fè Seyè a plezi menm.
2 Chronicles 21:7Men Seyè a pa t' vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomèt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.
Psalms 12:1(012:1) Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (012:2) vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!
Isaiah 48:1Koute pawòl sa yo byen, nou menm fanmi Jakòb yo. Nou menm ki pote non Izrayèl, zansèt nou an, nou menm ki soti nan ras Jida a, nou pran non Seyè a pou fè sèman. N'ap fè sèvis pou Bondye pèp Izrayèl la. Men, se pawòl nan bouch. Nou pa viv jan Bondye vle l' la.
Isaiah 66:4Mwen menm tou m'ap pran plezi m' aji ak yo menm jan yo aji a. M'ap fè malè yo pè rive yo a tonbe sou yo, paske mwen rele yo, pesonn pa reponn. Mwen pale yo, yo pa koute m'. Y'ap fè sa ki mal devan je m', yo pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.
Jeremiah 7:28W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Seyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pesonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò.