Hosea 7:1
Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 59:12Seyè, se vre wi, nou te fè anpil peche kont ou! Koulye a, se peche nou yo k'ap kale nou. Yo la devan je nou. Nou rekonèt nou te fè yo vre.
Isaiah 59:14Se poutèt sa, nou pa t' bay chans pou yo defann nou. Pesonn pa ka pwoche vin delivre nou. Nan tout lavil la ou pa konn kote ou gad ak pesonn. Pesonn pa mache dwat.
Jeremiah 51:9Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n' geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l' yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nwaj yo.
Ezekiel 23:4Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen.
Hosea 4:17Moun Efrayim yo menm lage kò yo bay zidòl yo nèt. Kite yo pou kont yo!
Hosea 6:4Seyè a di: -Nou menm moun Efrayim, kisa pou m' fè ak nou? Nou menm moun Jida, kisa pou m' fè ak nou? Nou renmen m', se vre. Men se pou yon ti tan. Ou ta di yon ti nwaj ki pase anvan solèy leve. Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve.