Isaiah 51:9
Leve non, Seyè! Leve non! Mete kouraj ou sou ou, Seyè! Leve non, tankou nan tan lontan, jan ou te fè l' sou tan zansèt nou yo! Apa ou menm ki te fann Raab pak an pak? Apa ou menm ki te pèse gwo dragon lanmè a?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 6:13Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.
Job 26:12Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la.
Psalms 21:13(021:14) Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!
Psalms 44:2(044:3) Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.
Psalms 44:24(044:25) Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?
Psalms 74:13Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.