Isaiah 59:4
Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 15:35Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.
Psalms 7:15(07:16) Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.
Psalms 62:4(062:5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
Proverbs 4:16Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.
Isaiah 33:11N'ap fè yon bann lide nan tèt nou ki pa vo anyen. Se nou menm ankò k'ap touye tèt nou.
Isaiah 59:13Nou te vire do bay Seyè a, nou voye l' jete. Nou derefize koute l'. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou.